Direktè Depatmantal BSAP Nòdès la, voye jete tout enfòmasyon kita fè kwè li te retire gwo zam lagè yo nan men ajan BSAP yo.

928

11-08-23

Wanament, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon entèvyou direktè depatmantal BSAP branch Nòdès la, msye Samson Camiel, bay Radyo Canarie, jounen mèkredi 08 novanm 2023 a, li demanti fòmèlman tout enfòmasyon ki ta fè kwè ke li ta retire tout gwo zam fann fwa ki te anba men ajan BSAP yo. Yon enfòmasyon ki pral lakòz, direktè resevwa divès pataswèl e menm arive blese ak kout wòch anba men yon gwoup moun ki te an kòlè kont li pandanl tal vizite kanal la nan lanwit ayè madi 7 novanm lan.

Pou gwoup moun sa yo, se yon zak trayizan ki ta okazyone rantre sòlda dominiken yo sou ti bout sòl papa Desalin nan. Pou anpil sitwayen ki avize, zak sa a se yon vyolasyon.

Nan entèvyou a direktè a fè kwè se manipilasyon k ap fèt kont li, se moun ki anvi pòs li okipe a ki dèyè zak sa yo. Pami konplotè yo, direktè a lonje dwèt jouda li byen long sou ajan BSAP yo, li di kap fè manti sou li pou metel anfas popilasyon an.

Nan sans sa a, direktè a voye jete byen lwen, tout enfòmasyon sa yo, e konfime li achte yon M4 pou kò BSAP la Direksyon Depatmantal la poko mete zam sa an posesyon okenn ajan, pandan’l felisite e remèsye Lapolis Nasyonal Dayiti ak Bondye ki sove lavi li anba men gwoup moun ki te an kòlè yo.

Direktè Depatmantal BSAP Nòdès la, Samson CAMIEL deklare malgre y’ap fè difamasyon sou li, li pap lage popilasyon-an; fòk kanal la fini, sa ki daprè li pral reprezante fyète nou kòm pèp.

Comments are closed.