Responsab bato siman yo nan Senlwidisi bat bwavo ak lakontman pou Leta peyi ki deside fasilite debakman machandiz ki te abò bato a “Cygnus” lan

978

11-08-2023

Senlwidisid, Ayiti_______(TRiboLAND) Se gwo bwavo ak kontantman ki bay jounen jodia anfavè ministè komès ki fasilite debakman 82, 000 sak siman abò bato “Cygnus” lan ki te antre nan Pò Senlwidisid la, jounen jodi mèkredi 8 novanm 2023 a.

Bato sila ki te soti nan peyi kolonbi, chaje kouleba, te nan mitan gwo diskisyon ant gouvènman ayisyen ak popilasyon ayisyèn nan ki te mete 2 kòn nan fwon li nan kad dilatwa, moratw responsab ladwann yo.

Antouka, bato siman ke tout mount e swete wè ki debake nan Pò Senlwidisid la, mete lajwa nan kè yon pakèt moun ki te petad sou rime ki te vle fè kwè, ke raketè komèsan boujwa melanje ak kòwonpi nan gouvènman Ariel Henry a, ta egzije pou bato sila ale debake nan Pòtopwens, alòske li te deja enspekte latèt opye.

Pou sitwayen, se yon pwemye viktwa; men genyen anpil lòt ki dwe vini, yon fason pou Leta fasilite bonjan fonksyonnman Pò Senlwidisid la. Yo remèsye tout moun ki tap ede denonse e mennen demach yo, patikilyèman Kazèk Selòm, nan yon batay ki te reyèlman jis.

Comments are closed.