Fanmi Lavalas kalifye dezinyasyon Edgar Leblanc Fils nan tèt konsèy la kòm yon maskarad.

832


05 – 01 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Gwo chirepit fenk tanmen nan mitan manm Konsèy Prezidansyèl ki la pou yon ti bout tan an. Nan yon nòt direktwa Pati Politik Fanmi Lavalas mete deyò jounen mèkredi 01 me 2024 la, yo denonse epi kalifye dezinyasyon Edgar Leblanc Fils nan tèt Konsèy Prezidansyèl 7 tèt la kòm yon maskarad.

Atravè nòt sa a, Fanmi Lavalas fè konnen, dezinyasyon prezidan Edgar Leblanc Fils nan tèt konsèy la, se PHTK ak tout alye li yo k’ap manniganse pou kontinye kenbe pouvwa a.

Nan sans sa a, sinyatè nòt sa a tankou, Dr. Maryse Narcisse, M. Joël Eduard Vorbe, Agr. Anthony Dessources, Dr. Jean Mirtho Julien, fè konnen yo voye jete byen lwen yon kèlkonk dezinyasyon ki ta ka mete ansyen Senatè Edgar Leblanc kòm prezidan konsèy la.

Comments are closed.