Pèsonèl Sante yo yon lòt fwa ankò plante pikèt yo devan direksyon depatmantal Sante Nòdwès la, pou reklame kòb Covid-19 la.

906

11-08-23

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Plizyè medsen, enfimyè ak divès lòt ti pèsonèl nan sektè Sante a nan depatman Nòdwès la, deside plante pikèt yo, jounen madi 7 novanm 2023 a, atravè yon mouvman pwotesyasyon, yon lòt fwa ankò, pou egzije direksyon depatmantal Sante Piblik branch Nòdwès la, kale yo kòb travay Kovid-19 yo ki genyen dig dantan.

Nan sans sa a, medsen ak enfimyè sa yo ki pa deside bat ba fè konnen, yo genyen plis pase 3 lane depi y’ap rete tann, tounen pwatann e anyen pa janm mache. Konsa, yo pwomèt nan jou kap vini la yo, bagay la pral pran yon lòt faz.

Anpil nan yo ki tap pale nan mikro korespondan TRiboLAND, yo fè konnen, yo genyen gwo dout sou egzistans kòb kovid-19 la, ki te deja disponib pou peye tout sa yo ki tap kiske vi yo; kidonk, yo te kwè lajan sila deja fè chimen kwochi.

Comments are closed.