Fondasyon TRiboLAND lanse yon gran seminè sou Fabrikasyon pwodwi chimik nan komin Wanament

1,078

Fondasyon TRiboLAND lanse pou yon dezyèm fwa seminè fòmasyon nan depatman Nòdès la; fwa sa se sou pwodwi chimik nan Wanament, soti 24 rive 25 jwen 2023.

06-20-2023

Wanament, Ayiti____(TRiboLAND) Nan lide pou batay kont fenomèn delenkans jivenil lan, kap fè ravay nan peyi a, e pou diminye fenomèn ensekirite ou aktivite gang nan depatman Nòdès la, Fondasyon TRiboLAND deside soutni jèn yo nan òganize fòmasyon ki chita sou konpetans abilite ki debouche sou apezman ekonomik.

Plizyè vil ak divès seksyon kominal nan peyi Dayiti deja jwenn benediksyon pa yo nan men Fondasyon TRiboLAND. Nan sans sa, staff la deside limen pwojektè li sou kapital ekonomik depatman Nòdès la, Wanament. Enviwon 70 jèn gason ak jèn fanm nan divès site ak divès lòt zòn avwazinant ap vin aprann fabrike pwodwi chimik ak endistriyèl san yo pap peye yon goud Lesko.

Seminè sa a, ki pral òganize nan Kolèj Alexandre Pétyon ki twouve l nan site Lapè, Wanament. Plis pase yon swasantèn jèn fanm ak jèn gason pral aprann fabrike plizyè pwodwi tankou : rens, mayonèz, chanpou, mistolin, savon likid, pafen dlo, sòs piman, fabuloso, se kèk pami pwodwi sila yo kap fè pati panye aprantisaj la.

Fòmatè yo ak staff TRiboLAND nan komin Wanament, deja mete yo disponib pou akeyi patisipan yo samdi 24 ak 25 jen kap vini la.

Comments are closed.