Direktè depatmantal BSAP Nòdwès la, Meteye Robinet gradye anviwon 50 ajan BSAP nan komin Senlwidinò.

171
0
Share:
TRiboLAND

06 – 11 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Direktè depatmantal BSAP Nòdwès la, Meteye Robinet gradye anviwon 50 nouvo ajan BSAP nan komin Senlwidinò madi 11 jen 2024 la. Yon aktivite ki te dewoule nan prezans otorite yo nan komin nan ak sosye sivil la.

Direktè Meteye Robinet nan deklarasyon l, li te mete aksan anpil sou wòl ak objektif ajan BSAP yo nan komimote a. Konsa, li remèt anviwon 50 ajan fòme BSAP sa yo bay majistra Gaston Estima pou kontinye travay ansanm ak polis minisipal la, yon fason pou etabli lòd ou sekirite nan komin nan; konsa, Senlwi ap kabab tounen nan eta nòmal li, epi pwoteje tout zòn ki deklare zòn anviwonnmantal pwoteje yo.

Popilasyon an bat gwo bwavo ak kontantman! Yo rete kwè ke, avèk nouvo endijasyon sa yo, kalite sèvis sekirite yo pral ranfòse pou pirèd nan komin Senlwidinò ak nan tout lòt 6 seksyon yo.

Share:

Leave a reply