Direksyon Travo Piblik branch Nòdwès ap fè bwas pou netwaye Kanal yo nan site Kapwa Lamò a.

781

04 – 26 – 2024

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Depi kèk jou nan mwa avril la, korespondan TRiboLAND yo nan vil Pòdpè remake direksyon depatmantal Travo Piblik branch Nòdwès, pa sispann fè bwas pou netwaye e kire kanal yo ki pa sispann inonde vil Pòdpè ak zòn ki antoure li yo sitou lè lapli tonbe.

Sòti nan zòn boulva Jovenel Moïse, pase pran zòn ri Kapwa, pou rive lòt bò Pon Sen-Lwi, operatè yo ap fè bwas pou rive netwaye kanal yo ki pa sispann sakaje abitan yo sitou lè lapli tonbe.

Fatra, labou, ak gwo pil tè, se ekspresyon vizaj site Kapwa Lamò a, depi kèk tan, akòz yon latriye sanginè, bakoulou, voryen ak vwayou konkonmen kò yo nan Mèri Pòdpè a ap naje nan enkonpetans ak kòripsyon..

Comments are closed.