Kazèk Selòm kase mete nan men Leta ayisyen ki ta soti pou egzije baton siman ki arive nan Senlwidisid la al debake nan repiblik Pòtopwens

950

11-03-2023

Senlwidisid, Ayiti______(TRiboLAND) Se an pwezans ak sipèvisyon BLTS ak imigrasyon ak Ladwann ke yon nouvo bato kòmèsyàl ki chaje ak siman arive mouye nan Pò Senlwidisid la, yè jedi 2 novanm 2023 a. Yon etap inisyal, nan kad divòse ak vye konpòtman rasis ak depandans vye pwodwi anpwazone repiblik dominikèn yo.

Konsa, plis pase 80,000 sak siman, ta mete lajwa ak kontantman lakay popilasyon depatman Sid la; yon kontantman ki ta pral tonbe sou tèt, lè yo te aprann ke gouvènman sangwen Ariel Henry a, ap miltipliye bwas nan fè marèl pou egzije debakman siman yo an repiblik Pòtopwens pito; epwi fèmen pò Senlwidisid la.

Anpil moun genyen gwo machwè gonfle, yo deside fè tout sa ki nesesè, pou boujwa eskanmòtè pa genyen kontwòl sou yon parèy opòtinite, sitou avèk peripesi popilasyon Sid la ap konnen nan ratman materyo pou rekonstwi kay yo apwè plizyè aktivite late tranble ki te devaste penensil sid la.

Bò kote pa li, Azèk Selòm deklare ke kou sila a pap pase. Li sèmante 7 fwa e 77 fwa ke bato a pap deplase. Li deklare, selon kèk sous ke se gwo pwesyon direktè jeneral Ladwann lan ap resevwa anba boujwa sangwen ou mafya nan Petyonvil, ki pa vle anyen fèt nan rès peyi a, nan pwofi pèp defavorize a. Konsa, lidè kominotè deklare ke tout verifikasyon te fèt, yo peye lajan yo ta dwe peye, tout papye te anrèg e yo soti pouf è yo tounnen pwatann. Konsa, annafè yo bay 72èd tan pou bato a debake, sinon yo konte aplike yon plan “B” ki pap bon pou politichyen ak richyen ki pa sispann pase anba pye dinyite popilasyon ayisyènn nan.

Nap raple, gwo eskanmòtè richyen ki mete peyi Dayiti nan eta sila, yo pa ayisyen. Konsa, yo genyen gwo kontra ak gwo konpayi siman nan Eta Florid kap dekoule siman depi plizyè deseni nan peyi Dayiti.

Comments are closed.