Anviwon kat lane aprè pasaj tranbleman tè katòz Dawout 2021 an, majorite lekòl nan Jeremi toujou anba prela.

461
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Mezanmi, se fini pou lekòl nan peyi Dayiti! Anviwon kat lane aprè tranbleman tè 14 Dawout 2021 an, majorite lekòl piblik yo nan Jeremi, kap delivre ti moso pen enstriksyon, toujou ap fonksyone anba prela ak chita sou wòch.

Pou anpil kritik, li pa nòmal nan yon moman Leta ap kase ponyèt malere nan ranmase task sou apèl ak transfè lajan kap sòti andedan kou deyò peyi a. Gen lòt, ki estime se rezilta yon ekip politichyen sangwen ou teknisyen kokorat, ki pa sispan pyafe nan imoralite ak kòripsyon, yon kansè ki grangrene sosyete ayisyèn nan, patikilyèman sèktè edikasyon an.

Nan sans sila, paran ak elèv lekòl yo, mande swadizan dirijan gagotè yo nan pi wo nivo leta a, pou pwan yon ti moso konsyans nan kad pote amelyorasyon lojistik nan diferan lekòl piblik yo. Yon anviwonman edikasyonèl ki konfòm, kapab fasilite yon mèyè developman kognitif !

Share:

Leave a reply