Joune Entènasyonal Vyolans kont Fanm: MOFAPNO plede anfavè jistis pou fanm viktim yo

266

11\25\20

Pòdpè____(TRiboLAND) Pou komemore jounen Entènasyonal vyolans kont fanm ak tifi jounen mèkredi 25 nov 2020 an, MOFAPNO ki se Mouvman Fann Pou Avansman ak Nòdwès, òganize divès aktivite nan vil Pòdpè: tankou kanpay sansibilizasyon ak konferans deba.

Se egalman yon Jounen kap komemore nan moman bandi ak zam pa sispann kidnape, touye answit vyole jènn fanm ak fi devan je paran yo.

Sityasyon saa revòlte kowòdonatris MOFAONO a, madame Solange Brave Saturné ki fè konnen se ak anpil chagren melanje ak tristès y ap komemore dat sila a akoz zak vyolans sou fanm ak tifi kontinye ogmante nan peyi dayiti.

Divès manm MOFAPNO kite prezan nan yon konferans deba sa a te genyen pannkat nan men yo. Yo pat kache kolè ak endinyasyon yo sitou sou ka Evelyne Sincère, yon jenn liseyèn 21 lane ke bandi sangwen ak zàm te kidnape, vyole, touye e answit lage sou yon pil fatra, nan kapital ayisyèn nan, Pòtoprens.

Mouvman Fanm pou Avansman ak Pwogrè Nòdwès (MOFAPNO) egzóte otorite lajistis yo pou fè travay yo. Kidonk, savledi aplike la lwa kómsadwa pou pèmèt fanm ak tifi kapab rive jwenn moso jistis.

Saint Jean wiskis.

Comments are closed.