Plizyè dizènn etidyan ak etidyant lekol Nòmal Mafran, manifeste pou denonse move jesyon direktris enstitisyon an, Sè Marie Antoinette Orase Wildrick.

1,071

05-29-2023

Jeremi Ayiti____(TRiboLAND) Jounen lendi 29 me 2023 a, plizyè 10 zèn etidyant e etidyan ak mayo lekòl Nòmal Enstitris ak Enstitè Mafran sou yo, pakouri dèkilomèt a pye ak pankat nan men yo pou mande revokasyon direktris lekòl la ki se Sè Marie Antoinette Orase Wildrick ke pwotestatè yo deklare kap mal jere lekol lan.

Mouvman protestation an kite soti nan komin Mafran avèk revandikasyon yo an men yo, te vinn bout devan biwo edikasyon nasyonal lan nan Jeremi a, kote ke yo rankontre responsab direksyon depatmantal ministè edikasyon nasyonal la e renmèt revandikasyon yo bay konsène yo.

Deziderata etidyan yo pat lòt bagay sinon ke: demisyon oubyen revokasyon san kondisyon direktris Marie ANTOINETTE Orase Wildrick pou malvèsasyon. Manifestan yo promèt pou pote revandikasyon yo devan alatèt Legliz Katolik Dyosèz Jeremi a, Joseph Gontran Decòs yon fason pou abouti ak objektif yo ki pa lòt bagay ke mande Sè Marie Antoinette Orase Wildrick rache manyòk li bay tè a blanch.

Comments are closed.