Ansavo: plisyè pwesime eskanmòtè ak kasèt kay anba kòd.

794

11-02-2023

Ansavo, Ayiti_____(TRiboLAND) Otorite yo nan Ansavo fouke 2 eskamòtè ki tap bay vil la anpil tèt fè mal. Mesye bandi sila ki te deja fè anpil dega nan kase yon pakèt rezidans ak bwat Leta, te pouse otorite yo tann pèlen, yon manyè pou te fè dap piyant sou bandi yo.

Selon delege an fonksyon an, bandi sila yo men arive pran anpoul piblik ki pou eklere vil Ansavo. Dènye zak yo arive komèt nan nivo biwo tounèf DINEPA a, kote yo vòlè 4 batri. Konsa, nan devlope vijilans, responsab yo arive mete men sou Saintil Frisnel ki apwè ta pral denonse Enel kòm reselè ki abitye vann batri ak fè.

Apwè Enel denonse egalman Wilmy, yon lòt reselè, otorite yo nan Ansavo refere pwezime vòlè yo nan Miragwànn pou swivi legal yo.

Comments are closed.