Popilasyon an nan Jeremi mete 2 men nan tèt fas ak monte balkon pwodwi alimantè yo

243
0
Share:
TRiboLAND

12 – 14 – 2024

Jeremi, Ayiti_______(TRIBOLAND) Selon temwayaj popilasyon an nan vil Jeremi ki te deja  ap moute syèl pa do, fòk yon moun genyen sou li anpil gro priyè sou li ak lafwa pou arive mete men nan bouch, patikilyèman aprè move kout tan  ki te mete plizyè rejyon nan Gransid la ajenou.

 Majorite fanmiy kap ravitaye nan mache piblik yo nan vil Jeremi, pa sispann plenyen pou katafal magogo yon seri pwodwi premye nesesite koute. Revandè ou detayè pa jennen mande tèt nèg pou yon asanm prodwi sou mache lokal la ki bay lawouli ke moun pa menm ka wè alewè pou manyen, selon sa kèk sitwayen revele bay TRiboLAND.

Moun kap reflechi sou pwoblematik sila yo, ale pi lwen pou bay ensekirite jeneralize a responsab monte pri prodwi premye nesesite yo ki ap bay lawouli. Ansanm kriz sila yo, mete ajenou tout komèsan, Madan Sara, peyizan agrikiltè e kliyan konsomatè yo.

Manm popilasyon an, ki di yo fatige ak pwoblèm lavi a, repwoche politichyen san konsyans yo ki mete peyi a KO. Konsa, popilasyon an mande malfwa kravak kòriptè yo ki sou pouvwa ak tout kominote swadizan peyi zanmi Ayiti yo, repanse mòd gouvènans kriminèl sila a, ke yo mete sou do pèp ayisyen ki efondre sosyete ak Leta ayisyen.

Share:

Leave a reply