Fòs sekirite UDMO, sou direksyon depatmantal Polis Nòdwès lanse yon gwo operasyon nan Ti Bwadòm

1,055

11-03-2023

Gwomòn, Tibwadòm_____(TRiboLAND) Nan yon operasyon devanjou, ke direktè polis branch Nòdwès la, Clevens Cétoute lanse jodi vandredi 3 novanm 2023 a, fòs sekirite UDMO debake an chango nan basyon gang Tibwadòm yo, depatman Latibonit.

Selon enfo ke TRiboLAND kapab fè konfyans, anpil kout zam marye nan moman lanjelis la; yon operasyon kou sezi, ki ta pral pèmèt anpil bandi sangwen kouri chape poul yo.; alòske operasyon te menm arive touche e fouye latèt opye lakay yon latriye rezidans sispèk, kote ke moun te kapab obsève plizyè motosiklèt.

Sepandan, enfòmasyon ki rive jwenn TRiboLAND, pa fè eta si genyen bandi sangwen ki arive fouke ou ki blese mòtèlman.

Comments are closed.