Fèt Gede nan depatman Nòdwès la, pase an malmakak ane sila

947

“Konjonkti peyi a pa pèmèt nou fete gede ane sa a”, se deklarasyon ougan Hervé Germain, yon gwo potanta nan sektè vodou a nan Nòdwès.

11-03-23

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Konjonkti peyi Dayiti pa pèmèt nou fete Gede a pou ane sa a pase an malmakak, akòz kriz miltidimansyonèl kap taye banda nan peyi Dayiti, se deklarasyon Anperè Nasyonal vodou a, ki chita kòl nan depatman Nòdwès peyi Dayiti, ougan Hervé Germain.

Pou kore tèz li an, Anperè a, fè konnen, pa gen mwayen ekonomik, moman yo difisil san konte divès evènman trajik tankou, aktivite kidnapping, ransonaj, moun paka monte ni desann, se yon latriye kòz ki rann fèt Gede a pase an malmakak pou ane a.

Fè yon ti kout pye nan simetyè Pòdpè a, menm yon pipirit pa chante. Aktivite degrengolad yo ak gwouyàd lèsen ak piman sispann kategorijman. Aktivite jete dlo, jete kleren ak kafe se sèl aktivite timid ou taka remake pou ane sa a.

Nan sans sa a, Anperè Nasyonal vodou a, ougan Hervé Germain, voye yon mesaj byen detèmine ak gouvènman defakto Ariel Henri a, kote li mande yo pran konsyans, paske li estime yo pap travay pou peyi a. Konsyans ak volonte pou Anperè a, se sèl eleman ki kapab retire peyi Dayiti, nan pwofondè li twouve li jounen Jodia; konsa, nap espere jwen vizit Grann Brijit nan pwochen fèt Gede.

Comments are closed.