Ajan BSAP Nòdwès yo pote solidarite ak dirijan Lopital Otrichyen yo nan komin Senlwidinò

827


04 – 28 – 2024

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Ajan BSAP yo nan depatman Nòdwès la pote solidarite ak Lopital Otrichyen, ki trouve-l an difikilte nan komin Senlwidinò.

Sitiyasyon mal makak ak bale wouze Lopital Otrichyen an, se rezilta Lavalas dlo desann ak tan mare pandan plizyè jou ki sakaje depatman Nòdwès peyia. Se konsa, avèk yon elan patriyotik ak aksyon piblik, Ajan BSAP yo mete kò yo nan dlo pou ede responsab yo debleye espas medikal ki loudman afekte anba gwo dlo.

Daprè youn nan responsab BSAP nan depatman Nòdwès la, Wilenpsky Marc, yo pote solidarite yo avèk mèg mwayen yo genyen paske yo pa vrèman genyen materyèl posib pou fè yon entèvansyon djam.

Nap raple entanperi a fwape Lopital Otrichyen an fò, kote gen miray ki tonbe, dlo pote tè ak anpil fatra, ak divès bagay pasyan yo ki pèdi.

Comments are closed.