Aprè plis pase 48 èdtan san nouvèl, finalman yo jwen Joseph Guyler C. Delva an vi men paralyze

234

12\01\20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Biwo Sekretè Deta Kominikasyon an ki genyen nan tèt li, jounalis Eddy Jackson Alexis fè sòti yon nòt soulajman pou anonse ke yo arive jwen Guyler C. Delva, ansyen Sekretè Deta ak minis kilti ak kominikation peyi a ki te genyen plis pase 48 èdtan ke yo tap chèche depi dimanch pase.

Nòt la ki date jodi madi premye desanm 2020 an, kontinye pou li di, jwen Mesye Delva se yo gro soulajaman ak satisfaksyon malgre ke yo pa jwen li jan yo ta vle a. Konsa, yo te jwen yon Guyler ki pa genyen yon sante djanm e ki ta sanble paralyze yon bò e ki tap mamote pou pale. Lòt sous tap konfime ke yo jwen li nan yon otèl nan Petyonvil san pou otan yo pa bay tròp detay jiskaske otorite yo ap fè bras pou envestige de ki lakyèl.

Kominike Biwo Sekretè Deta Kominikasyon an, profite pou salye kouraj ak supò tout kalite sèktè nan vi nasyonal la ki te mobilize nan jarèt solidarite ak fanmiy Guyler C. Delva ak kolaboratè li yo nan Radyo Karaib. Guy nan moman sa ap pran swenyaj nan yon lopital anndan kapital la!

Comments are closed.