Travay preparasyon pou akeyi kanaval nasyonal la nan vil Pòdpè ap vanse seryezman.

235

02/12/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Pilòn elektrik yo ap plase, sòti nan zòn Lasalin 6e seksyon Polen Lakòn, pase nan vil Pòdpè rive jous nan komin Lapwent Dè- Palmis.

Pou kesyon enfrastrikti woutyè yo nan vil Pòdpè, se touch kap mete. Boulva Kapwa Lamò a, ak Richard Brison an sanse fini, netwayaj chan aviyasyon an prèske fini e mete sou twonson wout ki sòti Obè pou rive nan vil Pòdpè pou koulya se zewo karant ak lwil y’ap depoze.

La mèri ap vanse ak travay netwayaj ri yo, mete sou PNH la ak Lajistis kap miltipliye rankont pasi-pala, yon mannyè pou rive wè ak ki teknikalite y’ap rive abòde kesyon kanaval nasyonal la nan Pòdpè.


Teknisyen kap travay nan cha yo ak stand yo pa chome. Otèl yo prèske satire ak latriye rezèvasyon yo chak jou ki jou.

Dapwè deklarasyon pòt pawòl komite kanaval la, Msye Darémond: “preparasyon yo deja a 85%, li soulinye se touch kap mete nan divès travay yo. Pou li menm, disi nan 3 pwochen jou yo, tout bagay ap gentan sou ray”.

Nap sinyale pou ou, la mèri Pòdpè deja lanse operasyon pentire fasad kay yo, kote yo deja pentire divès kay sou Boulva Twa- Rivyè a.

Nap soulinye pou ou, dènye fwa Nòdwès te resanti yon ti van devlopman enfwastrikti se te sou gouvènman Dumasè Estime; sepandan pami tout prezidan ki pase sou pouvwa anndan peyi a, Jovenel Moise se inik lidè ki voye yon kout je sou bezwen Nòdwès.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.