Senlwidinò: Kazèk asansè 3èm seksyon Dègranj, kritike konpòtman otorite yo nan Leta ki inyore egzistans rès peyi a.

229
0
Share:
TRiboLAND

07-01-2023

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Wisly Augustin ki se manm asansè Kazèt 3èm seksyon Dègranj, kritike konpòtman otorite yo nan leta ki pa fè anyen pou amelyore sitiyasyon moun kap viv nan seksyon kominal yo. Yon lòt kote, li kondane ministè lajistis ki pa nome jij nan tribinal Senlwidinò a, pou bay popilasyon an sèvis jan sa dwe.

Yon tribinal ki te gen 3 jij depè, ap fonksyone jodi a ak yon ti granmoun ki gen 84 lane ki pèdi tout lisidite li nan bay popilasyon an yon sèvis krab. Kèlkeswa moun ki bezwen sèvis nan tribinal la, fòk ou debouse pòch ou; se rezon rakèt kòb, ki koz jiskoulya konsta pou kòdonatè kazèk 3èm seksyon an, Saintilus Saintilmé ki te resevwa bal bandi, poko janm ka fèt.

Nan sans sa, li enpòtan pou sosyete sivil la kap sibi tout kalite enjistis, mete tèt ansanm pou goumen kont bandi kostime yo ki ap rache separa nan Pòtopwens, ki pa vle peyi a fè yon pa annavan.

Share:

Leave a reply