Direktè Depatmantal PNH la mande respè strik pou inifòm reglemantè a

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon nòt ki pote siyati Direktè Depatmantal Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) pou Nòdwès, Komisè Fred Joseph fè konnen tout polisye administratif yo oblije mete inifòm reglemantè enstitisyon an, ki gen koulè krèm ak ble.
Nan menm nòt la, Direktè a entèdi polisye brigad entèvansyon (BI) yo kontinye sèvi ak inifòm nwa e ble yo te konn itilize a. Malgre li pa bay okenn detay sou rezon desizyon sa a, li fè konnen tout polisye ki pa respekte lòd la ap sibi pinisyon sevè selon dispozisyon disiplinè PNH la.
Desizyon sa a vini nan yon kontèks kote otorite lapolis yo ap chache mete plis lòd ak inifòmite nan ran lapolis la nan depatman Nòdwès la daprè sèten sous. Se egalman yon seri dispozitif popilasyon pòdepèzyèn ap swiv deprè an fonksyon kredibilite ke yon pa genyen nan nouvo dirètè polis depatmantal ki te afiche yon konpòtman reselè gang (vandè tèritwà) nan pasaj li nan Kwadèboukè.






