Ansyen Senatè Youri Latortue fon kraze kite sa nan tèt pati politik ki pote non AAA a.

796

Jean Beauvoir Dorsonne, se non nouvo kòdonatè a.i, pati politik AAA a, ki jwenn benediksyon li aprè anons depa volontè gwo potanta pati a, Youri Latortue.

11-02-23
Gonayiv, Ayiti___(TRiboLAND) Ansyen Senatè Youri Latortue, deside kite tèt pati politik lap dirije a pou yon ti bout tan. Se Koudèy Enfo News, ki gaye nouvèl la.

San pèdi tan, ansyen Senatè Latibonit lan ta pral mande ak kòdinasyon Nasyonal pati a, pou nome nan mitan yo, yon nouvo kòdonatè pou yon ti bout tan. Konsa, Jean Beauvoir Dorsonne, ansyen Minis Edikasyon Nasyonal la, ta pral jwenn benediksyon kòdinasyon depatmantal yo pou monte kòm chèf pou yon ti bout tan, nan tèt pati politik ki pote non AAA a.

Ansyen Senatè Latibonit lan Youri Latortue, fè konnen, li pran desizyon sa a, yon mannyè pou bay yon kout men ak pwodiksyon Nasyonal la men tou, reponn ak latriye akizasyon ke Nasyon Tèt Kole yo lage sou li.

Comments are closed.