Lafyèv Mondyal la Anvayi Nòdwès la, Plizyè Santèn Fanatik te Mache e Soti Pòdpè Pou Chansòlm Anvan Match Ayiti ak Ekòs

58
0
Share:
TRiboLAND

06/14/2026

Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Pandan chalè a ap monte nan tout rejyon an, plizyè santèn fanatik foutbòl te kite vil Pòdpè depi bonè yè samdi 13 jen 2026 la pou pran direksyon Chansòlm nan yon gwo mach sipò pou seleksyon nasyonal Ayiti a. Aktivite sa te antre nan kad mobilizasyon popilasyon an avan premye match Grenadye yo nan Koup di Mond FIFA 2026 la kont Ekòs. Atmosfè a te chaje ak antouzyasm, chante, ak slogan ankourajman pou ekip nasyonal la.

Patisipan yo te abiye an ble, blan ak wouj, koulè drapo ayisyen an, kòm yon siy fyète ak solidarite ak Grenadye yo. Sou tout trajè a, fanatik yo t ap chante, danse epi montre lanmou yo pou ekip la ki retounen sou pi gwo sèn foutbòl mondyal la apre 52 lane absans. Anpil moun pa t kache emosyon yo devan moman istorik sa a ki make yon nouvo paj nan espò ayisyen an.

Mach sa te demontre jan espwa ak inite kap grandi atravè peyi a bò kote seleksyon nasyonal la. Malgre gwo chalè a, patisipan yo te kontinye avanse ak anpil enèji pozitif, pandan yo eksprime swaf yo pou wè Ayiti reyalize yon bon pèfòmans nan konpetisyon an. Pou anpil fanatik, sipò sa a se yon fason pou montre ke tout yon pèp kanpe dèyè Grenadye yo pandan y’ap pote rèv ak fyète nasyon an sou sèn entènasyonal la.

Share:

Leave a reply