1,000 nouvo ka kovid-19 ak 43 desè pou 23 pwemye jou mwa me 2021 an

417

05/29/2021

Plizyè lopital nan peyi a ap pran lanm avèk sekous kovid-19 la ki pa sispan bay laperèz. Anpil nan espas sa yo depase kapasite yo e y’ap fè fas ak gwo tansyon ki gen pou wè ak admisyon oubyen resepsyon yon kantite malad kovid, dapwè dènye rapò MSPP a ki pibliye 23 me dènye a.

Siyasyon an reyèlman bay tèt chaje nan yon seri lopital ki deja 100% plen avèk malad tankou: Lopital Sen Luk ki nan depatman Lwès, Lopital Inivèsite Mibalè ak Zanmi Lasante nan Delma.  

Dènye rapò MSPP a ki date 23 me 2021 an konfime: 130 nouvo ka ak 5 nouvo desè (4 nan Lwès, 1 Latibonit) an 24 èd tan (14,258 ka konfime ak 307 desè depi aparisyon kovid-19 la anndan peyi a). E se sa ki vin bay yon total 1088 nouvo ka kontamine ak 43 desè pou 23 pwemye jou yo nan mwa me 2021 an.

 WèsSantLatibonitNòdèsNòdwèsSidèsSidGran DansNip
           
Ka konfime10,004 (+103)871 (+10)739 (+7)720 (+7)386 (0)293 (+1)310 (+2)306 (+1)243 (0)165 (0)
           
Desè149422140614106136
           

Comments are closed.