Gwo akizasyon pan dye sou tèt Youri Latortue pou kòripsyon ak detounman nan magogo PetwoKaribe a

323

09\04\2020

Gonaiv____(TRiboLAND) Me Enock-Géné Génélus, ansyen komisè gouvènman bò kote tribinal sivil gonaiv la, depoze yon plent bò kote pakè kont ansyen senatè Youri Latortue pou kòripsyon ak detounman nan magogo PetroKaribe a..

Ansyen komisè a fè eta de yon detounman de 2 milyon desan karann twa mil kat swasant sèz goud Lescot ke administrasyon Martelly- Lamorthe la te debloke pou yon pwojè reyabilitasyon sou zòn iben nan Gonaiv.

Konsa, pandan peryòd sa, ansyen senatè Latortue te konseye espesyàl prezidan an ak kòwodonatè ki responsab pou fasilite egzekisyon pwojè reyabilitasyon an; kidonk, ta sanble Youri detounen yon gwo montan nan magogo PetroKaribe a, daprè sa ansyen chèf penal la deklare nan moman ke li tap mande aktyèl komisè gouvènman an pou mete aksyon piblik an mouvman yon fason pou Alatèt pati politi AAA al reponn gwo tonton akizasyon ki pandye sou tèt li.

Comments are closed.