Endividi pesòn pa rive idantifye mete dife nan kay ansyen senatè Carl Murat Cantave.

806

Kay ansyen senatè Carl Murat Cantave, nan Taba 62 boule rapye tè, se kòdonatè pati politik annaksyon an ki gaye nouvèl la.

06-10-2023

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Bandi yo nan dènye moman sa yo, ta sanble vire pwojektè yo sou ansyen palmantè yo. Aprè anviwon 24è tan, bandi te fin atake ansyen senatè Nòdwès la, koulya se men sòl pa ansyen senatè Latibonit lan, Carl Murat Cantave, kote yo boule rapye tè yon kay li te genyen nan Taba 62.

Kouzin li ansyen senatè Youri Latortue, ki konfime nouvèl la nan kad yon entèvansyon li tap fè sou ond radyo Graphie; li fè konnen,se gras ak sekou Bondye tout moun nan kay la te gentan chape poul yo.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND tafè kwè, zak malonèt sa a, tèt koupe ak zak gang “Kraze Baryè”, kap opere nan Tòsèl.

Comments are closed.