Sosyete sivil Òganize Obè a bat bwavo lakontantman pou fason majòjon polis Nòdwès la tchoule kò li, pou anpeche la Mèri tabli divès lòt pòs ranson nan vil Pòdpè.

925

11-02-23

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Nan lide pou montre satisfaksyon yo, Sosyete sivil Òganize kap feraye nan 2è seksyon Obè, bat bwavo lakontantman, pou majòjon chèf polis Nòdwès la, msye Clevens Cetoute, ki deside aprè kèk jou, tchoule kò li bò kote prezidan ajan egzekitif enterimè komin Pòdpè a, Josué Alusma, atravè yon lèt, kote li kanpe ankwa kont plizyè lòt pòs ranson ki ta gen lide tabli nan Obè ak nan Twarivyè, nan lide pou evite yon deblozaj basen san nan mitan popilasyon an.

Nan sans sa a, pou evite popilasyon an asosye ekip polisye ki nan pòs Karenaj la ak aktivite ransonaj ekip Mèri a ap mennen kont popilasyon an, yo mande ekip Mèri a ranmase adjikoko yo rapid, rapid, nan pòs Karenaj la. Pou sosyete sivil Obè a, pòs ranson sa a, kapab lakòz gwo dout plane sou moralite polisye yo ki plase nan pòs sila.

Pou anpil lòt moun nan komin Pòdpè, se zèl kat yo ki mal file. Desizyon tchoule kò a sòti bò kote majòjon polis Nòdwès la, aprè ke Josué Alusma deside fè kavalye sèl nan ransonaj lajan yo, kote li pa ni bay sinyatè inityativ yo kòb, ni founi yo moso esplikasyon.

Sosyete sivil Òganize seksyon kominal Obè a fini pou li di, ” La wouze taye banda tout otan solèy pako leve! Viktwa se pou moun k ap goumen e ki kwè nan goumen”.

Comments are closed.