Tribinal Premyè Enstans Gonayiv la lanse Yon seri asiz kriminèl san asistans jiri

798


05 – 09 – 2024

Gonayiv, Ayiti _____(TRiboLAND) Lajistis nan depatman Latibonit la tanmen yon seri asiz kriminèl san asistans jiri, yon fason pou kontinye batay kont detansyon prevantiv pwolonje a ak pèmèt divès moun kap kwoupi nan prizon depi plizyè mwa konn santans yo, oubyen libere yo daprè zak yo te reproche yo.

Daprè Dwayen Tribinal la, Me Jij Ysaac ak Komisè Gouvènman Pakè Gonayiv la, Mèt Guiverna Guillaume, ap gen anviwon 40 dosye kap tande nan seri asiz la. Moun sa yo tonbe anba akizasyon vyòl, vòl, asasina, asosyasyon malfektè, pou-n site sa yo sèlman.

Yon inisyativ Batonye Lòd Avoka yo nan depatman an, Mèt Jacksene Jacques trouve ki kòrèk paske li enpòtan pou Lajistis sispann vyole dwa moun yo ki nan prizon. Kèlke swa sa yo repwoche yon moun, li dwe pase devan Jij ak konn sò li.

Comments are closed.