Pwoblèm sikilasyon an nan Pòdpe toujou rete yon kaskèt chinwa pou pyeton ak veyikil

939

04 – 16 – 2024

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Tout lari Pòdpe tounen mache, san konte divès ri ki nan movèz eta. Sitiyasyon sa gen gwo enpak nan zafè sikilasyon nan site Kapwa Lamò a. Soti Twa Rivyè pou moute zòn Wonpwen, gen anviwon 5 mèt nan wout la ki gaspiye se machin ak machan kap banbile nan yo, alòske gen 2 mèt 50 kite fèt nan chak bò pou moto moute ak desann. Nan 7 mèt enjenyè yo te kite disponib pou machin moute ak desanm, se la egalman tout moto yo sikile.

Soti zòn Wonpwen pou moute Gran Tiyo, se yon veritab mache ak estasyon. San konte kote ki tounen depotwa fatra ak letan nan sant vil la, ou ta di se tankou yon seri zòn Pòtoprens Minis Jistis la te deklare tèritwa pèdi.

Zafè twotwa pa egziste nan Pòdpe, Josué Alusma ak tout Ekip li ki nan Mèri Pòdpe depi anviwon 8 lane se yon pakèt nil ak gwo Yenyen sankoutcha, ki rann vil la vin pi vilnerab. Polis sikilasyon yo pa vrèman reponn prezan tou pa tou, sa koz anpil fwa aksidan pa sispann fèt.

Vil Pòdpe pa sispann degrade chak jou, pandan otorite lokal yo rete tankou yon pakèt pa itil ki pa menm ka jere yon koridò. Divès sitwayen ki panike fas ak sitiyasyon malouk vil la, toujou kanpe fèm pou mande swadizan bagay kap dirije komin lan a distans depi kèk tan, rete kote-l ye, pandan yap itilize divès estrateji pou ranplase yon konsèy nan plas katèl sansal ak kòwonpi sila.

Comments are closed.