Me ki sa TRiboLAND konnen sou yon seri pwovizyon kap pase sou fontyè a malgre baryè kadnase

1,022
  • Plizyè otorite nan jwèt reselè ak paspouki, nan favorize machandiz tankou pwa nwa antre nan peyi Dayiti.
  • Jwèt mèt dam ak pike kole ap mannigans sou fontyè a, avèk konplisite otorite kap favorize machandiz yo antre anndan peyi Dayiti.
  • Gwo mesye ki genyen pouvwa nan Wanament yo ap pwofite bwase nan pwofite kreye koulwa mèt dam, pou dekoule yon seri manchandiz sou tèritwa ayisyen an.
  • Plis pase 2 kamyon pwa nwa (agropesa) fofile antre sou tèritwa ayisyen an, anba je otorite tankou Vis Delege Wanament lan Arold Joseph ak Komisè Wanament lan Ronald Eugene e latriye.
  • Pou otorite yo te byen jwe jwèt reselè a, yo te demake nan moman kamyon yo tap chaje ak sak pwa ke plizyè travayè tap bwote akote baryè fontyè a ki te fèmen.
  • Plizyè moto 3 wou ak trelè te nan konplise te sila egalman.
  • Antouka, genyen bonjan vwadlo nan sa ki genyen pou wè avèk fèmti fontyè ayisyen an, ki pa transparan.
  • Se yon zak ki enplike otorite lokal yo, e ki riske fè popilasyon an lage dinyite li nan fatra dominiken.
  • Otorite yo ap fè biznis sou kote fontyè a; nan fè machandiz pase sou kote.

Comments are closed.