Pap Francois mande yon ola nan zak vyolans yo apwè lanmò pwezidan Jovenel Moise la

215
0
Share:
TRiboLAND

07/11/2021

Vatikan______(TRiboLAND) Malgre li lopital swit ak yon operasyon, Pap Francois konfime jodi dimanch 11 jwiyè 2021 an, ke nan jou sa yo li priye anpil pou Ayiti, sitou apwè asasinay pwezidan Jovenel Moise 7 jwiyè dènye.

Pap Francois, menm jan ak evèk ayisyen yo mande tout antite konsène yo depoze zàm e mete yon ola nan zak vyolans yok ap deteryore. Li egzòte yo chwazi pito lavi, viv nan tèt kole tankou frè ak sè nan enterè tout moun e Ayiti.

“Mwen trè rapwoche ak bon pèp sa ki se ayisyen e mwen espere zak vyolans pràl gen yon bout e sosyete ayisyèn nan va pran wout lapè ak amoni, daprè Pap Francois ki tap depoze jodi dimanch 11 jwiyè a devan yon latriye fidèl katolik.

Pap Francois apèn genyen yon semèn depi li soti fè yon operasyon nan kolon li.

Share:

Leave a reply