Pòt pawòl Pati Politik Pitit Desalinn nan voye jete vye akizasyon gang ki fèt sou Althery Etienne, yon responsab PD nan Nòdwès

990

10-28-2023

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Nan yon pwen pwès Pati Politik Pitit Desalinn branch Nòdwès bay yè jedi 26 oktòb 2023 a, pòt pawòl estrikti politik sila, fè limyè sou sa kap navige sou rezo sosyàl yo ki endekse youn nan responsab yo kòm moun kap finanse ou mete aktivite gang sou pye nan Nòdwès peyi a, espesyàlman nan vil Pòdpè ak nan lokalite Kawodati.

Nan sans sa, Réginald Pierre, ki se pòt pawòl PD nan Pòdpè, pote yon demanti fòmèl kont tout malvèsasyon sila yo, ki genyen pou objektif sal imaj ak asasine karaktè Althery Etienne, yon responsab solid PD nan Pòdpè.

Réginald Pierre ki pa kache pote solidarite li bay Althery Etienne. Konsa, li vle raple tout moun ke akizasyon sila yo soulve apwè yon konfli tèryen ki te opoze fanmiy Ajusma fas ak eritye madanm Saint Louis yo. Nan ane 2010, Miguel se te youn nan antite ki te bay Althery yon “tit pwopwiyetè”. Konsa, Althery te pwosede ak apantaj la nan menm ane a. Touswit apwè, peyizan yo ki te pran posesyon tè a, e te kòmanse plante e fè jaden konplètman sou teren an e latriye.

Réginald deklare ke yo menm nan Pitit Desalinn, yo konsène sou atak ou etikèt “fòmatè gang” ke yo lage sou tèt responsab pati a. Mesye Pierre rabat pou li di ke: “Nou menm nan Pitit Desalinn, pa moute bourik avèk moun ki nan aktivite louch; e nou valorize peyizan yo e defann moun eksplwàte yo. Nan oken ka, nou pa tap janm konsidere moun ki nan aktivite gang nan mitan PD.

Konsa, li raple antite ki konsène yo nan dosye konfli tè ki te deja klase devan jij Mèt Alangue Valbrun. Konsa, si yon moun pran yon malen plezy ap atake entegrite yon inosan responsab nan Pitit desalinn, se tout kò a ke yo atake. Réginald Pierre, yon lòt fwa ankò, mande tout peyizan nan tout 10 komin depatman an, pa pran nan trak kap sikile sou rezo sosyàl yo, pandan ke responsab pati ap kontinye kanpe avèk yo e avèk Althery Etienne ki se yon antreprenè ou yon bisnessman ki genyen entegrite ak onètete.

Comments are closed.