Sèvis sitwayen: Yon sitwayen bay tèt li volontè pou batay ak fatra e kanal bouche nan vil Tigwav

932

10-27-2023

Tigwav, Ayiti_____(TRiboLAND) Leon, se non yon sitwayen malere ki fè tèt li yon devwa pou konbat fatra nan vil Tigwav. Anpil moun konnen Leon, kòm yon teknisyen nan debleye fatra ak rigòl dlo, sitou lè genyen gwo lapli ki tonbe.

Leon ame tèt li ak yon seri ekipman ak metòd tradisyonèl, swivou jan li kapab, san bòt, san mas, e san gan. Li pa yon anplwaye Lameri, se pandan, Leon travay pase bourik sou baz volontè. Nan semèn sila, li fè yon latriye travay nan Ri Senpòl ak Ri Desalinn, kote ke rezidan yo felisite travay li.

Anpil moun estime, ke Leon depase prezantasyon! Genyen yon moun tankou Leon nan ekip netwayaj ou asenisman Lameri Tigwav la, sa tap reyèlman yon valè ajoute pou otorite yo.

Leon pase anpil tan nan vil la, ap fasilite lapwòptaj sou baz volontè; yon sèvis sitwayen konsekan ki fè anpil moun konsidere Leon kòm moun fou!

Comments are closed.