Risen: yon plant itil e trè ra nan zòn Nòdwès peyi Dayiti.

1,513

Pye Risen oubyen Pye Maskreti, yon plant ki genyen anpil enpòtans epi parèt trè ra sou mache lokal la, nan dènye tan sa yo, ap layite kòl nan lokalite “Nan Gaston” 3e seksyon Polen/Lakòn, komin Pòdpè.

08-15-2022

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Depi plizyè deseni, popilasyon Nòdwezyèn nan pa sispann poze kesyon pou konnen, kisa ki lakòz plant yo rele “risen” an, ap disparèt chak jou ki jou atravè depatman nòdwès la?

Granmoun yo toujou di mache chèche pa dòmi san twouve! Nan mache chèche, korespondan TRiboLAND yo,al dekouvri yon chan, yon plantasyon “maskreti” kap layite kò l nan lokalite Nan Gaston, komin Pòdpè. Pou anpil moun, risen an, se yon n nan plant nan dènye ane sa yo, ke popilasyon an ap chèche e ki parèt trè ra sou mache a lokal la.

Nan depatman nòdwès peyi Dayiti, non komèsyal plant sila se “maskreti”, sa pa anpeche anpil moun konnen l tou sou non “risen”. Yo itilize maskreti a, oubyen risen an, pou fè lwil pou itilize swa nan domèn medsin tradisyonèl pou bay moun remèd (melanj ak kafe amè, potas, zoranj e latriye), swa nan domèn estidyo bote ak divès lòt ankò.

Se vre pye risen an vin ra sou mache lokal la. Sepandan, abitan kap viv nan lokalite Gaston, nan seksyon kominal Polen/Lakòn, montre klèman klè ke yo se yon referans nan kesyon pwodui pye risen oubyen pye maskreti nan depatman nòdwès la.

Comments are closed.