Yon moun mouri nan aksidan moto sou wout Meyans, Ansafolè

0 503

Ansafolè__(TRiboLAND) Maxi, se non yon chofè moto pwive ki rive pèdi lavi l apwè yon tèrib aksidan moto jodi madi 11 fevwiye 2020 an.

Aksidan sa rive pwodwi apwè ke Maxi ansanm ak yon lòt chofè moto ta fè kolizyon pandan yo tou de tap fè egzibisyon pou eseye pran devan lòt nan menm direksyon. Konsa, yo tou de te pèdi ekilib al fwape nan tout sa yo te jwenn sou pasaj yo.

Maxi, selon sa kèk sitwayen yo rapòte TRiboLAND, te nan wout pou ale regle zafè aktivite zangi paske li se yonn nan pi gwo achtè nan biznis zangi a nan lokalite Meyans ki lokalize li a kèlke kilomèt vil Ansafolè.

Dènye moman biznisman Maxi apwè aksidan moto a nan Ansafolè

 Chofè ki te sou lòt moto a te akonpanye yon frè l. Konsa, moun kè sansib te kouri transpòte 2 viktim sa yo bwid soukou pou swenyaj nan sant sante Ansafolè a, alòske Maxi li menm te transfere san pèdi tan nan lopital Beraca, Lapointe a koz kondisyon fizik li ki te kritik.

Komèsan zangi a,ki genyen fwakti nan pye dwàt ak ponyèt dwat san konte divès lòt kote li blese, te nan yon eta tèlman deplorab ke yo te oblije transfere li Milot. Konsa, se wout enpwatikab Nòdwès la, Gwomònn Maxi rann dènye souf li dapwè sa kèk abitan rapòte TRiboLAND.

Se pa pwemye fwa jan de aksidan sa yo toujou ap pwodui, sitou nan eta wout yo, nan eksè vitès ak maladrès chofè yo, dapwè kèk sitwayen ki tap ekspwime konstènasyon yo!

 Jean Era Victor, TRiboLAND

Leave A Reply