PNH mare kon krab 3 avoka Joseph Felix Badio ki tap tante envesti lakay pwezime sèvo asasina Jovenel Moise la

932

Selon lapolis nan Fèmat, 3 avoka defansè Joseph Felix Badio, respektivman Mèt Eddyson Alexandre, Mèt Markenson Jean Charles, Mèt Jeppson Limage, ak plizyè lòt moun ki tap tante antre nan youn nan rezidans akize a nan Fèmat, jwen arestasyon yo yè jedi 19 oktòb 2023 a nan Petyonvil.

Avoka sa yo, ki fòme yon triyo “SON”, swivan non yo, fè pati Bawo Mibalè a. Selon otorite yo, avoka sila yo tap eseye rekipere telefòn ak òdinatè, pandan yon jij te deja poze sele sou kay la, dapwè plizyè medya lokal.

Enfòmasyon yo ta vle fè kwè ke genyen avoka estajyè pami sa yo ki pran minòt la.

Comments are closed.