Lapolis nan Tigwav arete 4 ajan BSAP.

423
0
Share:
TRiboLAND


08 – 07 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Lapolis nan komisarya Santral Tigwav pwosede ak arestasyon 4 ajan BSAP jounen mèkredi 07 dawout 2024 la.

Ajan BSAP yo jwen arestasyon yo nan moman yo tap fè netwayaj sou wout Nasyonal #2 a, nan yon kafou ki pote non André Dicette nan rantre vil Tigwav.

Pami 4 ajan sa yo, genyen youn ki rele Wilner Jean Baptiste e yo arete li akòz yo jwen ni ak yon zam ilegal e lòt la rele Albert Fritz lapolis te genyen alèt sou li pou move zafè dapre presizyon nouvo direktè BSAP la nan Tigwav Edny Verger ki tap repon’n kesyon repòte TRiboLAND nan komisarya Tigwav la.

Nap fè remake, direktè Brigade Surveillance des Airs Protégés (BSAP) nan Tigwav, Edny Verger, deklare li dechaje li de tout responsabilite yon ajan ki ta nan move zafè pandan l presize li deja voye nan kanpe lwen 10 ajan akòz yo ta nan demele ak lajistis Tigwav.

Share:

Leave a reply