Yon pwezime manm gang sangwen Vitelhomme jwen arestasyon li nan Ayewopè Entènasyonal Toussaint Louverture

974

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Apwè fòs lòd yo finn fouke semèn pase yon reselè gang nan Ayewopò Kap-Ayisyen; yo mete men sou yon lòt ankò nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture, jounen jedi 5 oktòb 2023 a.

, ki genyen ti non jwèt li “Jimmy”, se manm gang Kraze Baryè, ke vitelhomme Innocent ap dirije. Li tap eseye twonpe vijilans otorite yo nan peyi Dayiti, yon fason pou li te mete dlo nan vwal li, pou antre nan peyi Etazini.

Enfo yo fè konnen ke yo tap chèche Jimmy tankou chyen fou, dapwè DCPJ ki fè eta yon pakèt aktivite louch tankou : ka anlèvman, asasinay, piyaj kay abandone nan zòn Tèsèl, nan komin Taba.

Nap raple, malgre pwogram Biden ap efondre peyia ak disparisyon yon pakèt kad kap mache pòs yo pou peyi Etazini; sepandan, li pèt mèt otorite yo tann pèlen nan ayewopò yo pou yon latre bandi sangwen kriminèl kap sove kouri kite peyia.

Comments are closed.