Popilasyon Mòn Van, lokalite Bono enskri 2 ansyen bandi manm gang nan pwogram “Bwa Kale” a

852

10-22-2023

Bono, Ayiti_____(TRiboLAND) 2 ansyen bandi ki tap soti nan dezyèm vil peyi a, Okap pou antre nan komin Senlwidinò, enskri nan pwogram “Bwa Kale” a, jodi dimanch 22 oktòb 2023 nan zòn Mòn Van, komin Bono a kèlke kilomèt vil Senlwidinò.

Mesye sila yo ki tap tante retounen nan komin Senlwidinò e ki te konpwann ke yo kapab jwe sou memwà popilasyon apwè yon latriye krim, ta pwal jwen ak zo grann yo nan Mòn Van.

Enfòmasyon yo fè konnen, Leon Charles ki tap kondwi yon machin ki fè  twonson wout Okap-Senlwidinò, ta pwal kalifye nan pwogram BK a ak tout kontwolè machinn nan; konsa, byen konte, mal kalkile! Joudayè fasilite popilasyon an fè dap piyanp sou yo e yo antre yo nan pwogram “Bwa Kale” a.

Nan moman sila, kò mesye yo tounen chabon, pandan yo tap tante retounen al fè biznis nan lye krim nan.

Comments are closed.