Lapolis blese mòtèlman yon bandi e mare kon grab 7 lòt sangwen sispèk nan Vil Sen Mak

754

02 – 28 – 2024

Sen Mak, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon kolònn polisye nan yo operasyon, mete dòmi nan je yon pwezime bandi sangwen ki pote non Schneider e mare kon grab 7 lòt sangwen sispèk nan vil Sen Mak jounen mèkredi 28 fevriye 2024 la.

Enfòmasyon yo fè konnen ke Schneider ki fè pati kò gang Salami, tap fè gwo boukantaj kout zam avèk ajan PNH yo. Li arive blese gravman grav, alòske nan lokalite Granfon, fòs lòd yo arive fouke 7 endividi ke yo pwezante kòm bandi sangwen, dapwè, komisè gouvènman annatandan jiridiksyon an, Mèt Venson Francois.

Nan kad operasyon sila, fòs lòd yo arive konfiske plizyè gwo zam latroublay, alòske yo rate gwo chèf gang, Alténor Agony, ki te gentan pran lyann.

Comments are closed.