Yon gwoup jèn gason pran inisyativ pou mete limyè nan yon mache nan komin Jan Rabèl

354
0
Share:
TRiboLAND

Jan Rabèl, Ayiti_____(TRiboLAND) Tankou yon seri inisyativ kap fèt nan peyi Boukina Faso, yon gwoup jèn sitwayen nan komin Jan Rabèl lanse yon gwo aktivite dimanch 12 oktòb 2025 lan, avèk pou objektif ede komèsan, revandè, ak moun ki itilize mache kominotè a jwenn ekleraj. Konsa, sa pèmèt yo mache a fonksyone pi byen epi amelyore lavi yo.

Anpil moun wè yon parèy inisyativ, kòm yon aksyon ki jistifye aksyon sitwayènte nan komin Jan Rabèl. Li mete anfaz egalman sou devouman ak kreyativite jèn yo nan angaje yo nan devlopman rejyon an, sitou nan lokalite kote menm Leta pa toujou rive mete resous.

Pou yon lòt gwoup, “Inisyativ Klere Mache a”, se yon trè bèl egzanp ki montre kijan anpil lòt kominote kapab fè kolònn; e demontre nivo kreyativite sitwayen yo nan kreye enpak pozitif nan yon anviwònman ki gen anpil enpòtans pou yo.

Koutwazi foto : MÉDIA HAÏTI TOUT KOTE

Share:

Leave a reply