Polisye nan Wanament pwosede ak arestasyon plizyè pwezime bandi vil Pòdpè

1,468

10-03-2023

Wanament, Ayiti____(TRiboLAND) Nan gwo pwogram “blese mòtèl” ki enskri nan kad bale wouze ki deklentche dèyè gang sangwen kap bale wouze nan Nòdwès. Konsa, koukouwouj fè anpil gang ap vole gage e ale ateri nan lòt depatman.

Kouri pou lapli tonbe nan larivyè! Fòs lòd yo nan Wanament arive fouke plizyè pwezime bandi sangwen ki ateri nan Nòdès peyi a, apwè yo remake se pwèske chak semèn fòs sekirite yo nan Nòdwès peyi a ap flite bandi yo pa makònn.

Paralèlman, responsab yo nan vil Pòdpè mete men sou yon pwezime bandi ki pote non Maxéan Evvenel alyas Nelo, ki se yon natif Zile Latòti. Alòske, yèswa fòs UDMO yo enskri nan pwogram “blese mòtèl” la, yon badi nan Rue Place D’Armes, nan Pòdpè.

Comments are closed.