Pwezidan Kenya a deklare ke yo pwan an konsiderasyon pase kolonyàl peyi Dayiti ki mete li nan sa li ye jounen jodia

977

10-03-2023

Naywobi, Kenya_____(TRiboLAND) Nan yon ke releye nan kèk media lokal peyi Kenya, pwezidan kenya William Ruto deklare: “Nou pa dwe janm bliye ke se istwa tris kolonyal ak politik tèt chat nan peyi Dayiti, ki lage li nan sa li ye la jounen jodia”. Ruto fè deklarasyon sila, kèk ti tan Konsèy Sekirite Nasyon Tèt Kole yo sot bay Kenya benediksyon pou deplwàtonnay yon fòs miltinasyonal ki pou al mete lòd sou gang yo nan peyi Dayiti.

Kriz plizyè tèt peyi Dayiti a, okazyone peyi Dayiti ak peyi Kenya etabli relasyon diplomatik yo; yon etap ki te dwe fèt lontan lontan, dapwè yon seri kritik ki deklare ke 2 peyi yo genyen bonjan zantray ou ADN ansèstral ki makònnen yo ansanm.

Antouka, dènye vot Konsèy Sekirite Nasyon Tèt Kole yo, bay peyi Kenya, plen pouvwa pou dirije yon fòs ki pwal mete lòd nan yon peyi ki enfekte ak gang sansal ki jwen sipò politichyen ayisyen, kap fini ak sosyete ayisyèn.

Comments are closed.