Bandi ke lapolis depatman Latibonit lan arive arete a pale anba yon entèrogatwa raso – (video)

278

12\05\20

(TRiboLAND) Ifokè, se yon bandi nan baz Savyen an ke lapolis arive arete nan depatman Latibonit lan nan jou sa yo.

Bandi a te anba gro entèrogatwa ak “stimilan raso” yon fason pou responsab yo te kapab arive rache kèk enfòmasyon sou diferan krim ke li patisipe nan group gang Savyen e egalman pataje enfòmasyon sou yon pakèt lòt manm nan asosyasyon tèroris sa ki mete dlo nan je yon latriye moun atravè peyi a.

Ifokè nan yon video kap paroze sou rezo sosyàl yo, konfime ke li pat janm pase lekòl, e ròl li nan mouvman gang Savyen sangwen an se te ede mouvman an nan kòche zannimo. Konsa, li envite manm gang yo pa antre kote ke li rive la, sitou nan zak atoufè ak kriminèl sa yo.

Comments are closed.