Tigwav Detansyon – Anviwon 20 prizonye libere nan kad yon seri koreksyonèl espesyal.

1,187

Madi 8 novann 2022

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan kad yon seri koreksyonèl espesyal e pap padap ki te tanmen nan dat lendi 26 oktòb 2022 pase a, nan komisarya santral Tigwav la, komisè gouvènmen PIERRE Elioth Paul ak ekip li libere anviwon 20 akize pou rezon imanitè akoz eta sante yo ki pa sispann deteryore.

Akize sa yo, daprè # 1 pakè a, pat genyen gwo dosye louch , se yon seri moun yo te akize pou vòl telefòn, motosiklèt e genyen se pou 2, 3 fèy tòl yo pran ak bokit penti elatriye…

Chèf pakè a, Pierre Elioth Paul ki deklare ke ekip legal la detèmine, ap kontinye travay pou konbat detansyon preventiv manch long lan nan prizon sivil, site Fosten Soulouk la.

Nap raple, soti fen mwa dawout pou rive fen mwa oktòb 2022 pase a, genyen plis pase 8 detni ki mouri andan prizon sivil la; selon yon medsen ki pat vle non li site, li fè konnen, sou 100 akize yo konsilte, genyen 90 ladan yo eta sante yo pabon ditou: tibèkiloz, doulè rimatis, tansyon, problèm vizyèl, sik se kèk patoloji akize ou viktim andedan prizon sivil jiridiksyon Tigwav ap viv, mete sou sa yap mal manje, mal bwè e mal domi.

JOICY Arnold, Tigwav

Comments are closed.