Ayiti Jistis – Lapolis fouke Ti Rasta nan Bon Repo

1,014

08-14-2022

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon nòt ke li fè sòti, lapolis anonse arestasyon Sainca Jean Franck alyàs “Ti Rasta” samdi 13 dawou 2022 a nan Bon Repo, lokalite Rosembert.

Enfòmasyon lapolis yo fè eta de enplikasyon Ti Rasta nan asasina Daphné Joseph, madanm yon doktè ki rele Ecclésiaste Noël, nan fen mwa jiyè dènye a nan Rosembert.

Nòt lapolis la kontinye pou di ke yon parèy arestasyon fè swit ak yon sèten “Papito” ki te arive blese mòtèlman nan boukantay kout zam ak lapolis semèn pase. Papito ki te nan kòkòday ak Ti Rasta, te patisipe nan lanmò Daphnée egalman. Yo te fè pati yon gang ki maton nan detounman kamyon, zak malfektè ak kidnapping.

Group gang sangwen an, te genyen nan tèt li Patrick alyàs “Patchouko”, yon anjandre ke lapolis ap chèche tankou chyen fou.

Comments are closed.