Lapolis mare kon krab nan komin Tyòt, 2 endividi e sezi plizyè zam blanch nan men yo

06 – 09 – 2024
Tyòt, Ayiti _____(TRiboLAND) Saint Vil Robensons ak Jean Baptiste Samson alyas “Mèt Peyi”, se 2 endividi lapolis mare kon krab jodi dimanch 09 jen 2024 la, nan lokalite K-Lendi, komin Tyòt.
Endividi sa yo ki gen respektivman 21 ak 30 lane, gen divès akizasyon zak malonèt sou do yo, fòs lòd yo arive arete yo nan bwakaj ak asosyasyon malfektè.
Lapolis sezi lakay pwezime bandi sila yo, yon zam atizanal ak manchèt. 2 mesye sa yo anba gwo siveyans lapolis anatandan Lajistis fè swit nesesè yo.
Your point of view caught my eye and was very interesting. Thanks. I have a question for you.