Direktè depatmantal Komès Nòdès la ak Endistri poze sele sou yon Ponp Gaz nan Wanament

936

09-23-2023

Wanament, Ayiti____(TRiboLAND Direktè depatmantal Komès Nòdès la, Lesly Théogone akonpaye jij Fery Bernard poze sele sou yon ponp gaz ki nan zòn Mapou nan Wanament, jounen vandredi 22 septanm 2023 a.

Daprè direktè depatmantal Komès Nòdès la, Lesly Théogone, yon parèy poze sele genyen pou wè avèk lan respè pri gaz Leta fikse ki pa pran an konsiderasyon. Pri regilye ou ofisyèl galon an ki ta dwe vann 570 goud, komèsan bandi yo arive vann li 650 nan ponp sila.

Direktè depatmantal la voye yon siyal bay machann kap fè mache nwa, nan fè peye yon pwodwi plis pase sal ta dwe vann. Se pa sèl ponp sila a ki vyole pri Leta fikse a, plizyè sitwayen rete kwè dwe gen dispozisyon ki dwe pran pou tout ponp vann gaz la 570 goud, jan Leta mande sa a.



Comments are closed.