Joseph Kespin: yon ajan BSAP mouri apwè yon fyèv san rete

934

10-15-2023

Wanament, Ayiti______(TRiboLAND) Yon sòlda tonbe sa pa vle di se tout kò a ki tonbe”, se deklarasyon yon gwo responsab BSAP nan Wanament nan moman ajan è pwoteje yo tap kondwi yon gwo potorik frè zam parèy yo, Josepn Kespin nan dènye demè li jounen samdi 14 oktòb la.

Ajan Kespin ki se yo gwo manm nan kò BSAP la, pat gaya depi plizyè semèn ak yon fyèv san rete. Li te pami sa yo ki tap bay sekirite depi kòmansman mouvman kanal la sou Larivyè Masak. Yon fyèv san rete te anpare Kespin e yo te oblije ospitalize li nan 2èm vil peyi a. Malerezman, ajan sekirite a, ki te repwezante yon asèt, yon lidè, e menm yon papa nan asiste sa yo ki te genyen pwoblèm teknik nan kò BSAP la nan Wanament.

Joseph Kespin fèt 23 oktòb 1970. Li mouri 5 oktòb 2023 nan vil Okap. Se tout yon rèv ki ale! Ke nanm li repoze nan lapè, e ke espwi li vizite e demere kòm lanj pwotektè pou yon kanal li te swete wè inogire! Bon Pa dire!

Comments are closed.