Sosyete sivil Obè a demare ak yon maraton pou pote solidarite yo bay mouvman konstriksyon kanal irigasyon Rivyè Masak la.

1,005

09-23-2022

Pòdpè, Ayiti__( TRiboLAND) Jan sa tap klèwonnen sou tout rezo sosyal yo ak nan medya tradisyonèl yo, finalman sosyete sivil Obè a, nan tèt kole ak kèk manm nan popilasyon an, lanse yon kanpay maraton, nan objektif pou fè solidarite ak mouvman konstriksyon kanal irigasyon Rivyè Masak la, jounen samdi 23 septanm 2023 a, nan depatman Nòdwès peyi Dayiti.

Nan sans sa a, komite direktè sosyete sivil Obè a, ta pral demare ak maraton kole zepòl sila, nan plizyè lokalite tankou Obè, Tifon, Mòn Dorima, Twarivyè, Gransavann, Sant vil, Mache yo, Wo lavil san konte divès lòt zòn avwazinant.

Nan moman didje maraton an tap klèwonnen zòn yo, nou te kapab remake plizyè ti machann, pasajè, chofè, ak divès lòt manm, jèn kou vye tap lonje men bay yon mannyè pou bay jarèt ak moun Wanament paske moun Pòdpè di : “kanal la pap kanpe”, 2 ou 3 lòt chantye te dwe deja kòmanse!

Obè se yon bèl lokalite fètil, kote ke ansyen pwezidan Jovenel Moise tap viv nan Pòdwès peyi Dayiti.

Comments are closed.