Plizyè materyèl direksyon Depatmantal TPTC Nòdès rive nan sit konstriksyon kanal irigasyon Rivyè Masak

1,145

09-23-2023

Wanament, Ayiti ____(TRiboLAND) Aprè entèvansyon premye minis Ariel Henry nan 78èm Asanble Jeneral Nasyon Zini an nan New-York jounen vandredi 22 septanm 2023, 3 kamyon ak plizyè lòt materyèl rive sou nan sit konstriksyon kanal irigasyon Rivyè Masak la, nan Wanament..

Depi aprè 30 septanm 2023 a, se jodia, TPTC kòmanse voye kèk materyèl pou pèmèt konstriksyon kanal irigasyon an pran jarèt. Anpil moun estime, yon parèy dispozitif genyen anpil pou wè avèk gwo kout gidon Ariel Henry fè nan LONI, lè li raple ou klase pwezidan dominken an, Luiz Abinader Corona nan wòl li.

Nap raple, depi lanwit vandredi swa pou ouvwi jodi samdi 23 septanm 2023 a, se gwo sòlòkòtò beton ki tap koule nan zo bwa tèt kanal la.

Comments are closed.